Dangelo Néard : « Deba montre m lapawòl gen valè lè li byen atikile epi lè li pote lide »

Dangeo Neard Se ak mo sa yo Dangelo Néard, yon pèsonalite nan domenn medya an Ayiti, rezime apò deba a nan pakou li. Dangelo te yon debatè anndan pwogram Inisyativ Jenn FOKAL  la pandan li te lekòl Lise Tousen nan lane 2008-2009. Ak ekip lekòl li, li te rive chanpyon yon tounwa FOKAL te òganize ant 6 lise nan kapital la (Tousen, Petyon, Fimen, Sansenkantnè, Marijàn ak Janjak) nan lane 2009.

Dangelo te manm tou youn nan katòz (14) klèb deba pwogram nan genyen nan tout peyi a, sa ki nan Bibliyotèk Monik Kaliks la (Klèb BMC) nan Avni Kristòf, kote li te aprann prensip deba yo. Li gen bon souvni de eksperyans sa « Mwen te jenn adolesan. Mwen te gen anpil foug, anpil apeti pou lakonesans, pou echanj ak tchalennj entelektyèl. Pwogram deba FOKAL la te kanalize enèji mwen, li te mete m an kontak ak lòt jenn ki te gen menm sant enterè ak mwen ».

Dangelo kwè pwogram nan aprann li anpil : « Pwogram nan montre mwen enpòtans tolerans, enpòtans etik nan diskisyon, enpòtans viv ansanmmontre m lapawòl gen valè lè li byen atikile epi lè li pote lide ».

Jounen jodi a, Dangelo se animatè « Des Livres et Vous », yon emisyon literè ki gen siksè sou Radyo Televizyon Karayib. Li prezante tou emisyon Koze Kilti chak semenn sou RFI. Nan tou de emisyon yo, li gen pou entèraji ak envite yo, e li kwè teknik deba yo ede l nan sa.

Dangelo tèlman viv benefis eksperyans la, non sèlman li sèvi ak li nan karyè li kòm jounalis kiltirèl e kronikè literè, men tou li vle pataje fòmasyon an ak lòt moun. Se konsa nan lekòl li kreye depi plis pase 2 zan - "Les Académies du Savoir Parler " - ki bay fòmasyon sou kijan moun dwe pale an piblik  -, li entegre yon kou sou kijan pou yon moun fè yon deba kontradiktwa nan fòmasyon an.

Pwogram Inisyativ Jèn FOKAL la, depi plis pase 20 lane li egziste, fòme anviwon 400 jenn chak ane, jan sa te fèt ak Dangelo, nan teknink deba, atravè 14 klèb nan peyi a. Pwojè sa a devlope ladrès yo nan deba nan yon pèspektiv sitwayen. Deba a anseye jèn moun yo devlope panse kritik yo, kapasite yo pou eksprime yo, kapasite yo pou fè rechèch epi li mennen yo diskite sou sijè ki afekte lavi yo ak kominote yo nan yon atmosfè nan tolerans.

 

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com