2 bousye distenge yo nan etid yo

P5P 1467 PIERRE Lentz SachaLaila Lenz Sacha Christyl Pierre ak Jovanny Laïla Bien-Aimé se de (2) bousye FOKAL ki boukle etid yo pandan lane 2019 la, ak yon bèl pèfòmans: Lenz Sacha soti premye loreya pwomosyon 2010-2019 fakilte medsin ki soti ane sa nan inivèsite Notre-Dame nan, alòske Jovanny Laïla Bien-Aimé swiv li kòm dezyèm loreya nan menm pwomosyon an, sou katreven douz etidyan.

Lenz Sacha fèt 19 septanm 1991. Lenz, ki te dezyèm loreya nasyonal nan klas reto, jwenn sipò FOKAL nan fòmasyon nan medsin nan apati twazyèm ane nan fakilte a, gras ak bon nòt li e pakou li a te toujou make ak ekselans. Sipò sa pèmèt asire eskolarite l, men tou jere kèk frè tankou liv ak de (2) vwayaj nan Ewòp nan kad fòmasyon li. « Gras ak fòmasyon sa yo mwen jwenn opòtinite fè eksperyans ak ekipman ak teknik mwen pa fòseman jwenn Ayiti e pou elaji konesans mwen », selon temayaj Lenz.

Se pa diferan pou Laïla, yon jenn 27 lane, li menm ki jwenn sipò FOKAL apati dezyèm lane li nan fakilte a. Laïla fè konnen sibvansyon an, ki kouvri eskolarite ak frè pou akonpaye etid li a, ba li yon lòt motivasyon pou li fokis sou nòt li yo. Laïla eksplike « Mwen te konnen plis toujou mwen dwe pran etid mwen yo serye, paske gen moun ki kwè nan mwen e konte sou mwen ».

Lenz konte fè yon espesyalizasyon nan yon peyi letranje – swa nan kadyoloji osinon chiriji nan kè ou nan veso yo – epi tounen nan peyi a pou fè peyi a pwofite de li. An atandan, li ap asiste yon pwofesè famakoloji nan fakilte medsin Notre Dame nan, epi li bay kèk kou nan fakilte famasi inivèsite a.

Laïla li menm vle espesyalize li nan Sante piblik ak pwomosyon lasante.

Akonplisman de (2) bousye sa yo merite pou nou felisite. Li pèmèt nou tounen sou youn nan misyon nou pou favorize otonomi moun yo, atravè ledikasyon ak fòmasyon. Gwo bravo ankò pou bousye sa yo.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com