2 kaptay dlo inogire nan Fèv ak Lafon

VUSH4305 2 kaptay sous dlo, youn nan lokalite Fèv ak yon lòt nan lokalite Lafon, inogire jou ki te vandredi 8 mas pase a nan prezans plizyè moun nan 2 lokalite sila yo ki twouve yo nan komin Akil di Nò nan depatman Nò peyi a. Se SYACDEIN (Synergie des Actions pour un Développement Intégré) ki te vini ak lide a e ki te egzekite pwojè sila a, yon pwojè ki jwenn sipò Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL).

2 kaptay sa yo ap pèmèt popilasyon lokalite sa yo pou yo genyen aksè ak yon dlo potab. Nan Sous Fèv, yon fontèn ap pèmèt yon santèn fanmi pran dlo a, alòske nan kaptay Lafon an, anplis fontèn piblik la genyen menm 20 nan kay yo ki resevwa dlo a dirèkteman lakay yo.

Kominote a, ki fè deplasman nan lokazyon inigorasyon yo, eksprime rekonesans li e konfime responsabilite li ap pran pou byen jere kaptay yo, atravè komite jesyon ki kreye yo.

Pwojè kaptay dlo sa a te rive fèt nan kolaborasyon plizyè enstitisyon ki travay nan domèn sa tankou DINEPA, OREPA, URD ak TEPAC. Travay sa yo te rive fèt tou gras ak sipò moun nan zòn sa yo ki te wè nesesite pou enplike yo nan travay sa k ap itil tout moun k ap viv nan kominote a. Si gen ladan yo ki te travay kòm bòs mason, anpil lòt te patisipe nan charye materyo pou konstriksyon rezèvwa yo osnon bay lajan pou fè manje pou chantye yo. Apre inogirasyon an, se komite ki fòme nan ak notab nan kominote yo ki an chaj jesyon kaptay yo.

VUSH4375 Anpil mezi pran pou pwoteje kaptay sa yo. Pami mezi sa yo, nou ka site plizye milye pyebwa ki plante ak grefay ki fèt nan plizyè santèn pyebwa ki te deja nan antouray kyòs la. Gen plizyè fanmiy ki resevwa fòmasyon sou kijan pou yo pwoteje dlo. Yon lòt bò, plizyè moun resevwa fòmasyon sou kijan pou yo jere kaptay sa yo, anpil lòt resevwa fòmasyon sou kijan pou yo tretre dlo lakay yo. Yon kanpay sansibilizasyon te fèt tou pou ankouraje moun konstwi latrin lakay yo. 50% nan zòn sa yo deja konstri yon latrin lakay yo.

Objektif pwojè sa a se pèmèt moun k ap viv nan lokalite sa yo ak zòn tou pre yo jwenn bon dlo pwòp pou yo sèvi. Chak zòn genyen yon rezèvwa pou mete dlo yo kapte yo, yon aparèy pou trete dlo a ak yon kyòs pou vann dlo trete. Se plis pase 720 moun nan 2 lokalite sa yo ak moun nan lòt zòn ki tou pre a ki pral jwenn bon dlo pwòp pou yo sèvi.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com