Ekspo-Vant Afrikarib nan Fokal

AfrikaribSoti jedi 13 pou rive samdi 15 desanm 2018, AFRIKARIB ap prezante anba tonèl FOKAL, soti 10è pou rive 5è nan laprèmidi, Retro pi Chik.

Retro pi Chik se yon nouvèl koleksyon, k ap devan nan edisyon ekspozisyon vant AFRIKARIB pou fen lane 2018 la. Koleksyon sa gen ladan yon seri modèl tankou: wòb jitàn, chemiz loko ak mapou elatriye, ki baze sou prezantasyon 5 dènye lane yo.

Ekspozisyon vant sa rantre nan tradisyon AFRIKARIB, kote li prezante nan chak finisman lane yon nouvèl koleksyon, pou selebre anivèsè kreyasyon l ki te derape nan mwa novanm 1995. 

AFRIKARIB envite tout zanmi la kilti pou reponn prezan, pou ankouraje jefò voye tradisyon peyi a monte. Nan koleksyon sa a gen rad pou fanm ak gason epi kèk modèl pou timoun. Bouch an bouch youn di lòt, fè pawol la mache.

 

Kjan AFRIKARIB kreye?

Nan mwa novanm 1995, dezanmi, ki toujou ap reflechi sou ki plas tradisyon genyen nan lavi pèp ayisyen, te mete kanpe AFRIKARIB. Non sa a te vle di tou senpman lè Lafrik rankontre ak Karayib yo fè mèvèy.

Nan mache chache epi eseye konprann yo te vizite anpil rakwen nan peyi a, tankou Lagrandans, Latibonit, Nò, Sidès.

Yo pale ak grandèt nan diferan lakou, yo fouye nan sa ki te ekri déjà. Nan brase lide sa yo, yo jwenn mo Lafrik Ginen toujou tounen.

Sa te pouse yo fè yon kout pye sou Kontinan Afriken an. Peyi Dahomen, ki se Benen jodi a, te pote anpil repons. Peyi Ginen ak Senegal te pote repons pa yo. Apre chak demach ki antreprann yo pran yon tan pou yo reflechi. Nan mete enfomasyon yo ansanm pou kontinye, yo vin konprann nesesite mete sou pye yon aktivite ekonomik pou travay la vanse pou pi devan, pou bati otonomi yo.

Sitou lè gen pou tounen pote sak jwenn yo bay lezòt yo tankou lakou, inivèsite, òganizasyon ak asosyasyon kap travay sou la kilti.

Konsa « AFRIKARIB kreyasyon ak pwodiksyon » vin kanpe.

Aktivite sa a te gen pou objektif prezante  pwodiksyon ki fèt nan peyi a nan ekspozisyon/vant pou rantre lajan.  Yo chwazi travay sou konfeksyon rad ak akseswa mòd.

Jefò sa a depi lane 2000 te mennen AFRIKARIB al patisipe nan anpil ekspo/vant nan peyi Karayib yo ki gen kilti ki sanble ak pa Ayiti.

Chak ane depi kondisyon yo reyini yo prezante 4 ekspo/vant nan plizyè vil peyi a tankou Jeremi, Okap, Jakmèl, epi Pòtoprens.

Se konsa pawòl la pale, li mennen yo òganize ekspo/vant nans dyaspora a tankou Nouyòk, Miyami, ak Montreyal.

Nan lane 2010 se AFRIKARIB ki te reprezante Ayiti nan yon aktivite espesyal ki te rele :

« La patria grande », ke yo te mete kanpe nan peyi « Argentine ». Tout 20 peyi Amerik Latin yo te prezan. Nan ekspo/vant sa a Rara Endyen Abriko te ede anpil, pase se pèp otoktòn ki tap prezante pwodiksyon atizanal li nan domèn abiman ak mòd tradisyonèl .

Pandan 8 lane kòm manb « Femmes Créations et Productions » Afrikarib toujou prezante nouvote l yo  nan ekspo/vant ki fèt nan diferan otel nan Potoprens.

Pou chak finisman lane se ak anpil plezi Afrikarib prezante yon nouvo koleksyon nan Pòtoprens ak kolaborasyon FOKAL nan lakou FOKAL.

Ane sa a AFRIKARIB vini ak ekspo/vant li ki rele : « Retro pi Chik»

AFRIKARIB ap tann tout moun ki toujou la chak ane, epi bouch an bouch, youn di lòt pou fèt la ka pi bèl.

Yon gwo « AYIBOBO » pou kilti ak tradisyon peyi nou.

Pou kontak : Yverose Moise 3786-7768

Imel : Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.

 

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com