Mwa Oktòb, mwa lang ak kilti kreyòl

IMG 20181010 102856 copyNan lokazyon fèt kilti ak lang kreyòl la, Bibliyotaptap la te pwofite pou li rann yon omaj ak kokennchenn ekriven ayisyen, Iv Dejan, ki mouri nan lane 2018 la nan laj 90 zan. Aktivite yo te fèt nan lekòl advantis Sychar ki twouve l nan Fontamara 27.

Jounen 10 oktòb la, 11 zè tapan, BTT a te tabli li nan lakou lekòl Sychar nan Fontamara. Nou te kòmanse ak yon ekspozisyon afich sou lavi ak angajman Dejan pou bay jarèt ak lang kreyòl la men tou pou yon lòt modèl lekòl ann Ayiti. Nan mi lekòl la, nou te kole plizyè powèm Georges Castera tou. Pliblik lekòl la ki te gen ladanl 56 moun, ladan yo 3 pwofesè, te gen chans tou pou gade ekspozisyon prèske 30 liv tout domèn ki te sou yon tab nan espas la.

Nan menm tan an, nou te kòmanse ak yon chita pale ak Cherlie Rivage, ki se yon jenn Lengis, Asistan responsab Pwojè « Sante-dwa » nan Pak Matisan. Pou li demare ti pale a, Cherlie te koumanse pa mande piblik la, kijan antouraj yo reyaji ak yo lè yo pale kreyòl. Elèv yo te pwofite esplike kijan lekòl la pa vle yo pale kreyòl, sitou lè yo nan klas oubyen lè yo ap adrese yo ak yon responsab nan direksyon lekòl la. Yon pwofesè nan lekòl la ki rele Harry Casséus, te bay presizyon pou di rezon ki fè yo mete prensip sa nan lekòl la. Cherlie te pale tou sou istwa ak devlòpman lang kreyòl yo nan lemonn. Pandan ti pale a, li te fè Suze Dorange, yonn nan animatè BTT a, li yon pati nan yon liv ki rele « Tim tim », ki se travay yon ekriven ayisyen ki rele Rony Thevlin. Lekti sa sete yon fason pou entèvenant la te montre tout bèlte ki genyen nan lang kreyòl la, malgre tout move bagay yo chita di sou li. Li te chwazi tou, 2 timoun pou fè yo li yon pati nan liv Georges Castera ki rele « Pwenba ».

IMG 20181010 115006 copyNan fen chita pale a, Madanm Alcinor Chedelyne ki se pwofesè nan lekòl la, te panse li tap bon pou gen yon ministè lang kreyòl, pou fòse leta pran tout desizyon an favè lang la. Aktivite yo te klotire nan 1 nè nan apremidi.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com