Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Fòmasyon pou plis sekirite sou wout yo ap fè chimen l nan Matisan

 

Fomasyon sekirite woutyeYon ventèn chofè moto ak machin transpò piblik ki abite Matisan patisipe nan yon sesyon fòmasyon pandan yon semèn sou sekirite sou wout yo nan fen lane 2016 la. Yon fòmasyon pwogram Sante-Dwa a òganize sou demand benevòl k ap bay bourad nan Pak Matisan an nan lide pou diminye ka aksidan yo. Lwa priyorite, angmò, teyori distans, depasman, faktè ensekirite sou wout yo se kèk tèm ki te abòde nan fòmasyon sa. Twa mwa apre, Nouvèl FOKAL rankontre ak kèk patisipan pou konnen kijan fòmasyon an rive itil yo.

 

« Aksidan egziste, men apre fòmasyon sa nou te pran an, se pa nou menm ki pral okazyone l », se konsa Delize Sony Jeanlouis eksprime satisfaksyon l kèk mwa apre l fin patisipe nan fòmasyon sou sekirite woutyè a nan Matisan. Li se yon benevòl nan Pak Matisan an. Sony gen 6 lane nan trafik moto nan zòn lan. Pou li menm, fòmasyon sa te sèvi kou yon bon resiklaj pou raple l anpil prensip men tou aprann sa li pat konnen. Se pou tèt sa, Sony eksplike yo pataje fòmasyon an tou ak chofè ki kanpe menm kote ak yo.

Kijan pou pran yon entèseksyon, fason pou depase yon machin, reyaksyon lè wout lan mouye… se kèk prensip Sony di anpil chofè pa respekte lè yo nan lari a : « Pa egzanp, lè w ap pran koub, pafwa anpil jèn ap pran yo ak vitès. Alòske si w te an dezyèm, ou oblije fè premye. Paske gen vitès ou ye, wap tonbe »

Elie Cedor, yon lòt chofè Matisan ki ap kondui tou depi 6 lane kwè li te enpòtan pou fòmasyon an fèt nan zòn lan. Elie di diferan tip pano sinyalizasyon, kijan pou jere pyeton k ap mache mal, lè pou klaksonnen, distans frenaj la ak tan reyaksyon, se kèk eleman ki te enpòtan pou li : « Gen kanmarad ki vin di m, bon, Elie gen aksidan m te konn fè, m pap fè yo ankò. Gen chofè tou yo wè ki enplike nan aksidan, yo di yo si w te konn distans frenaj ou, ou pa tap fè aksidan sa ».

Se pa sèl chofè yo ki dwe konnen kijan pou yo fonksyone nan lari a, pyeton ak pasajè yo tou dwe konnen kèk prensip daprè Elie ki raple aksidan ki te fèt sou wout Dèlma a devan TNH la nan lane 2011 te ka fe mwens viktim. Malerezman « pyeton ki te bay do yo pat gentan reyaji paske yo pat mache nan sans envès ak kamyon ki te fè aksidan an. Nòmalman lè w ap mache nan lari a, ou sipoze kapab wè machin lan pou si gen yon mouvman pou w ka gentan reyaji », selon sa li eksplike.

Patrick Recher, monitè fòmasyon an, di chofè moto yo dwe swiv fòmasyon menm jan ak chofè machin. Recher gen konpetans nan sekirite woutyè. Anplis tèm Elie ak Sony site yo, Recher eksplike yo travay pandan yon semèn sou plizyè lòt pwen tankou faktè ensikirite woutyè, fòs fwotman sou wout yo, teyori distans, lwa priyorite yo, angmò yo elatriye « Anplis fòmasyon an, nou fè chofè yo rekòmandasyon tou. Pa egzanp,  pou pa pote 2 moun, paske sa kapab gen enpak sou distans frenaj chofè a dwe respekte, pou yo toujou mete kask, toujou itilize retwovizè yo ». Recher swete plis fòmasyon bay nan tout peyi a sou fason pou fonksyone sou wout yo.

Mesye yo swete tou fòmasyon pwogram Sante-Dwa a bay la rive touche tout chofè nan Matisan. Sekirite sou wout yo pou chofè, pasaje ak pyeton, se yon garanti tou pou dwa ak lavi. Menm si fòmasyon sa ka sèvi resiklaj pou kèk chofè nan Matisan, se devwa Direksyon Polis woutyè pou asire l tout moun k ap kondui machin ak moto nan peyi a jwenn oubyen bay tèt yo bon jan fòmasyon pou konnen prensip sikilasyon yo.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com