Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Klèb deba Boudon an rete trè aktif 

Club Bourdon _ Kleb Boudon Klèb Deba Boudon an fè pati de yon rezo 11 klèb, Programme Initiative Jeunes (PIJ) nan FOKAL ap jere. Nan sousi pou Klèb la kontinye avèk misyon li ki se ankadre jenn yo nan aprann epi ede yo devlope lespri kritik, kapasiste pou yo byen mennen rechèch dokimantè pou kont yo epi fason pou yo pran lapawòl devan moun, manm klèb la kontinye òganize yon ansanm fòmasyon avèk kozri sou yon dividal sijè enpòtan pou jenn nan zanviwon klèb la. Tankou sila te fèt nan kòmansman mwa fevriye a ak fòmasyon epi diskisyon sou KONSANTMAN ki kaba samdi 19 fevriye ki sot pase la.

Pandan mwa janvye pou rive 12 fevriye 2022, klèb deba Boudon an te òganize yon ansanm aktivite nan memwa viktim goudougoudou yo (12 janvye 2010 avèk 14 dawout 2021). Klèb la reyalize pandan 4 semèn plizyè rankont pou sansibilizasyon ak fòmasyon pou salye viktim tranblemantè yo, an patenarya ak Bibliyotèk Sant Kiltirèl Pyepoudre.

Nan menm peryòd sila a, klèb la aksyante rekritman li e akeyi anviwon 50 nouvo manm nan : (Lycée Marie Jeanne, Elie du Bois, École Congréganiste Christ-Roi fille de Marie, Lycée des jeunes filles, Collège le Normalien, Lycée Firmin epi plase 6 selil deba nan kèk lekòl. Chak selil sila yo reyini nan lè pa yo). Rankont klèb yo fèt chak samdi ant 1nè ak 4trè nan lapremidi nan lokal Bilbiyotèk Pye Poudre. Se yon espas aprantisaj ak devlopman pèsonèl.

Nan klèb deba Boudon, menm jan nan tout lòt klèb nan Rezo PIJ la, deba yo se yon ranpa pou pratik demokrasi ak ranfòsman kapasite endividyèl nan aprantisaj youn ak lòt. Espas sila yo louvri pou tout moun ant 3zyèm segondè ak filo nan 11 klèb ki repati sou tout peyi a

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com