Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Fanmi nan gran Sid la kòmanse resevwa sipò finansye FOKAL lan

Kanperen‍Jan sa te anonse, depi vandredi 20 dawout, fanmi nan diferan lokalite nan zòn ki te afekte nan tranblemanntè 14 dawout 2021 yo kòmanse resevwa transfè lajan atravè fon FOKAL nan benefis peyizan ak òganizasyon nan Gran sid la. Fon sa te lanse apre tranblemanntè 14 dawout 2021 an, epi an apre pasaj siklòn Grace lan ki te koze gwo domaj nan pati Sid peyi a.

Daprè premye evalyasyon FOKAL te jwenn nan men 10 òganizasyon sou yon ventèn patnè li genyen nan zòn tranblemanntè a afekte yo, plis pase 5000 fanmi te bezwen èd ijans rapid.

Depi 20 dawout la, douz (12) sou yon ventèn òganizasyon sa yo jwenn transfè sou kont labank yo pou yon montan ki varye ant $ 5,000 a $ 25,000 oswa ekivalan an goud, tou depann de gwosè òganizasyon yo ak kapasite jesyon yo nan sikonstans sa yo. Nan lis òganizasyon sa yo soumèt, plis pase 4000 fanmi peyizan nan zòn gran Sid la deja resevwa sipò sa. 

12 òganizasyon sa yo deja ap distribye fon bay peyizan ki manm yo, nan kominote ki afekte. Rès òganizsasyon yo ap jwenn lajan pa yo a nan mwa septanm lan lè FOKAL fin resevwa tout dokiman nesesè yo pou montre transparans.

Nan awondisman Aken pa egzanp, distribisyon an fèt sitou nan zòn ki difisil pou èd rive ladan yo. « Nou konsantre nou nan zòn mòn yo, kote okenn òganizasyon pa janm vle ale », youn nan responsab òganizasyon benefisyè nan zòn nan di FOKAL. Yon ekip volontè mobilize pou fè anrejistreman epi ale touche plis moun toujou nan mòn yo nan awondisman an. Responsab la eksplike : « Nan moun ki siyen pou resevwa kach la, genyen se pou achte manje tousuit, gen lòt se pou achte tòl pou bouche twou nan kay yo, repare twalèt lakay yo, oubyen koumanse yon ti komès ».

Pou reponn ak bezwen moun yo dirèkteman nan premye faz ijans sa, transfè kach se premye mwayen FOKAL mobilize. « Metòd sa gen avantaj dèske li pèmèt benefisyè yo deside yo menm de priyorite yo », selon eksplikasyon Elizabeth Pierre-Louis, direktris pwogram nan FOKAL. Li rapousuiv : « Anplis de sa, lap pèmèt lajan brase nan mache nan zòn yo menm, apre yo sibi gwo enpak nan tranblemanntè a ».

Nan yon lòt etap, Fondasyon an ap genyen pou li bay yon sipò ki pi konsekan pou kominote yo kapab rekapitalize tèt yo. Envestisman lajan sa yo ap fèt nan divès domenn tankou pwodiksyon, mete an valè lòt filyè tankou lapèch, elvaj, transfòmasyon fwi, kilti legim, elatriye. Envestisman ap fèt tou nan domenn enfrastrikti tankou jesyon dlo pou bwè ak pou kilti, rekonstriksyon batiman kote òganizasyon yo pwodui osinon kote manm yo reyini, selon règ pou konstriksyon yo reziste a tranblemanntè. Gen sipò finansye kap bay tou pou enstitisyon patenè kap sipòte ti òganizasyon yo, e ak mityèl solidarite ki akòde patikilye, sitou fanm, ti fon pou brase.

 

---

Foto : Apre pasaj tranblemanntè ak ouragan an, anpil fanmi nan zòn rekile nan Sid yo pèdi byen yo e nan nesesite lajan pou yo fonksyone. Premye dekèsman yo vle ba yo mwayen pou yo reponn a bezwen ijan yo.

Kredi foto : Réginald Louissaint Jr

 

Pou rezon sekirite e tou nan lespri prezève diyite moun yo, nou pa ilistre foto a ak moun ki ap resevwa lajan. Men donatè ki swete jwenn lis sa yo dwe siyen yon akò konfidantyalite ak FOKAL pou jwenn lis òganizasyon benefisyè yo.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com