Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Fason enfòmasyon pwodui, transmèt epi konsome nan Pòtoprens jodi a

conference internewsJedi 15 oktòb 2020 an a 10è nan maten, FOKAL ap òganize yon diskisyon sou entènèt sou fonksyonman koulwa enfòmasyon yo swiv nan kapital la ak zòn pre li yo. Diksisyon sa ap fèt nan kad yon aksyon Internews - yon òganizasyon ki kore medya yo -, te mennen nan lide pou konprann pi byen wout enfòmasyon yo pran an Ayiti, men tou kijan move enfòmasyon kreye epi sikile.

Diksisyon sa se premye nan yon seri refleksyon ak aksyon kont move enfòmasyon ki bay pou twonpe moun, seri sa ap genyen tou an apre plizyè atelye ak yon fowòm. Premye diskisyon an liy sa ap mete deyò rezilta yon evalyasyon ekosistèm enfòmasyon (Information Ecosystem Assessment ) ki ap bay nan zòn metwopoplitèn nan.

Objektif etid sa se pou pi byen konprann dinamik transmisyon, pwodiksyon ak konsomasyon enfòmasyon nan yon anviwònman kèlkonk. Lè li konprann jan enfòmasyon yo alevini, kote yo soti, kanal yo swiv, epi faktè ki afekte yo (swa se ekspre, swa se pa ekspre), sa ap ede sitwayen an nan jan li egzèse dwa li pou li pran desizyon sou baz bon enfòmasyon, sa ap ede li sote baryè ki bare li yo, sa ap ranfòse patisipasyon li nan kominote li, ak demach pou li mande otorite yo pou yo responsab e pou yo rann kont parapò ak responsablite sa yo.

Etid sa a eseye reponn kesyon aksè a enfòmasyon, zouti ki itilize yo, fason enfòmasyon yo pataje, kritè ki fè nou di yon enfòmasyon se yon enfòmasyon nou ka fè konfyans e nou ka fè mache. Nan yon anviwonman kote kontèks politik, ekonomik ak sosyal la konplèks tankou ka Ayiti a, li enpòtan pou konprann kesyon sa yo pou pwoteje lavi ak sosyete a.

Joël Malebranche, ki alatèt biwo Lafrik nan Internews, ansanm ak Maude Malengrez (FOKAL) ap entwodui diskisyon an, epi Jean-Claude Jean-Louis ( Enstiti Panos) ak Yvens Rumbold (konsiltan endepandan) pral prezante rezilta etid la yo.

Hérold Jean-François (Radyo Ibo), Jeanne Elsa Chery (Mus'elles), Ludwy Jean-Paul (RBH, Toma.ht) ak Colette Lespinasse (aktivis dwa moun) yo menm ap gen pou fè limyè sou kesyon etid la soulve, selon chan pa yo chak. Se Maude Malengrez (FOKAL) ak Sephora Monteau (manadjè Pwojè) kap mennen deba a.

Piblik la ap kapab swiv echanj sa k ap dire inèdtan edmi an dirèk sou paj Facebook FOKAL la ak sou paj kèk patnè li yo, an kreyòl ak franse. Sou platfòm ZOOM nan, yon chanèl odyo apa pral pèmèt odyans ki pale angle a swiv diskisyon an, gras ak yon tradiksyon nan menm moman an. Moun nan piblik la ki anrejistre sou ZOOM ap gen posiblite tou pou poze kesyon, pou entèvenan yo opine sou yo.

Klike la pou enskri pou rankont la sou ZOOM 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com