Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Yon debatèz pwogram Inisyativ Jèn nan pami loreya yon konkou nasyonal disètasyon

LasvithaniaRaude Lyncée Lasvithania Elisabeth Charles, elèv nan lekòl Collège Louverture Cleary (depatman Lwès) se twazyèm loreya nan konkou nasyonal disètasyon Centre Muse Haiti te òganize sou tèm lit kont Covid-19 la.

Tèks Raude la klase, akote tèks Jose Alan Piard (premye) avèk Ruchama Dumesle Dessources (dezyèm), sou yon santèn disètasyon konkou a te resevwa nan tout peyi a. Rezilta yo te bay vandredi 11 septanm ki sot pase a, nan yon seremoni ki te an dirèk sou rezo sosyal yo.

Raude se yon jenn ki fè pati Klèb deba Santo a. Li te patisipe nan dènye konpetisyon yo pou klèb li a, ladan yo Kan anyèl deba ki te fèt an jiyè 2019 la. 

Foto : Soti agoch rive adwat : Jose Alan Piard, Ruchama Dumesle Dessources,) ak Raude Lyncée Elisabeth Charles.

Kredi foto : Centre Muse Haïti

  

Klike la pou ou kapab li tèks li a.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com