Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Chante “Kowonastigma” ap lanse samdi 29 dawout la

Anons KowonastigmaProductions InHumaines ap prezante chante “Kowonastigma”, yon zèv kolektif ki kreye pandan konfinman e ki filme ak telefòn atis ki patisipe ladan yo. Lansman mizik sa ap fèt an menm tan an dirèk, samdi 29 dawout la a 5è nan lapremidi, sou diferan paj Facebook :

Fokal | Chokarella | Ticket Magazine | Ayibopost | Loop Haiti |Rencontres des musiques du monde | Akoustik Prod | KitMédias | Kolektif 2D | Jeudis de l'Art Contemporain | Gaëlle Bien-Aimé | Bibliothèque Centre Culturel Pyepoudre | Jehyna Sahyeir | BMC -Bibliothèque Monique Calixte | American Corner | Manager Patrick Amazan | Camp de Débat Fokal | Bibliotaptap Ouest | Productions InHumaines |

 

 

Entèpretasyon : Jehyna Sahyeir, LéO, Staloff Tropfort

Mizik : KERB-B, Johnson Saint Cyr, Marco

Pawòl : Eliézer Guérismé, Jean d’Amérique

Miksaj ak montaj : Patrick Amazan, ak koutmen Dr Tchon

Imaj ki vin ajoute : Pierre Michel Jean

Teknisyen nan repetisyon yo : Ricardo Guillaume

 

“ Nou kreye ansanm chante sa, avèk lide pou pale de kowonaviris la nan tout sans. Chante sila a, se nòt pa nou nan patisyon sansibilizasyon sou pandemi kowonaviris la nan peyi a. Nou te sitou deside pran pozisyon kont stigmatizasyon ki te kòmanse blayi nan mitan popilasyon an, fas a moun yo ki te prezante sentòm viris lan, epi fas a kèk sant sante, lopital ak anbilans ki t ap bay sèvis nan kad pandemi an. Nou tè jije nesesè kreye yon zèv kolektif pou nou pale de reyaksyon nou obsève e de enpak li ka genyen sou yon kominote lè moun fè vyolans youn sou lòt alòske menas sila konsène tout popilasyon an. ”

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com