Fanm #okonba: ti koze ak kèk militant feminis

OKONBA GeneriqueFondasyon Konesans ak Libète - FOKAL, nan tèt kole ak Avocats Sans Frontières Canada (ASFC), nan kad pwojè AJULIH (Accès à la Justice et Lutte contre l’Impunité en Haiti) ki jwenn finasman AMC (Affaires Mondiales Canada), nan yon pwodiksyon ki siyen fondasyon MwèM, ap difize apati 8 mas la, yon seri entèvyou ak plizyè pèsonalite ki ap batay pou fè pwomosyon ak respekte dwa Fanm an Ayiti. Entèvyou sa yo vize ekspoze travay militant sila yo bay gran piblik la, men tou pèmèt aktèz yo eksplike kisa epi ki sans batay yo ap mennen an genyen.

Plizyè kapsil videyo ap pase sou paj FOKAL yo sou rezo sosyal entènèt yo ak paj kèk patnè nan kad pwojè sila. Kalandriye piblikasyon an disponib tou sou sit FOKAL la ak platfòm: EGALEGO. Platfòm Egalego an se yon espas ki vize regwoupe yon seri zouti ki disponib pou konsiltasyon ak itilizasyon nan sa ki gen pou wè ak Dwa moun.

Difizyon sila yo dwe pèmèt piblik la fè konesans ak plizyè militant pou koze Dwa Fanm, travay yo ap bouske nan domèn nan, ekspoze pwennvi yo sou mouvman feminis la epi reyaji sou kèk kozekremòl ki ap di sou feminis yo ak mouvman an pa bò isit. Travay sila se yon zouti anplis pwojè AJULIH mete an plas pou vilgarize epi fè pwomosyon dwa pou tout moun, nan lide pou jistis sosyal boujonnen toupatou nan peyi a.

Yon epizòd Fanm #okonba ap difize ofiamezi selon kalandriye ki prevwa pou sa. Men piblik la ka jwenn kontni sa yo apre premye difizyon an. Paske yo ap ret disponib sou rezo sosyal yo epi platfòm EGALEGO. Fanm #okonba se yon vitrin pou salye travay militant fiminis yo ap fè epi ankouraje plis aktè ak aktèz pote kole pou respè Dwa Fanm kou dwa tout moun tounen yon reyalite.

AJULIH

Nan lane 2017 ASFC lanse pwojè AJULIH ak yon finansman gouvènman Kanadyen an nan tèt kole ak FOKAL. Pwojè AJULIH enterese li a twa (3) volè enpòtan: Kontribiye nan amelyorasyon aksè epi distribisyon lajistis an Ayiti, ride nan monte bon jan  mekanis pou lite kont enpinite ak koripsyon epi ensite sitwayen ak sitwayèn ayisyen patisipe kòmsadwa nan pwosesis pou tanmen yon demokrasi san fòs kote. Se sou dènye aspè sila FOKAL entèveni an patikilye ak Programme Éducation Citoyenne. Paske nou kwè, lasante yon demokrasi depann de enplikasyon chak sitwayen ak sitwayèn nan veye epi ranfòse enstitisyon ak pratik ki makonnen ak pwojè demokrasi sila.

 

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.