Konsèy pratik pou sekirite jounalis yo

311633933 4995981063834931 1092458431490004072 nDepi plizyè lane, zafè sekirite moun an Ayiti bay gwo kè kase. Menm Jounalis, ki ap travay pou enfòme popilasyon an sou sa ki ap pase pa epanye nan zak vyolans ki ap fèt nan peyi a. Nan lide pou ede jounalis yo pwoteje tèt yo epi konnen kisa pou yo fè lè yo gen yon pwoblèm, Pwogram Medya FOKAL, ki jwenn sipò Internews te rive reyalize plizyè fòmasyon pou yo. Nan sans sa, nou te prepare divès kat sekirite pou jounalis yo, yon fason pou pèmèt yo konnen bonjan teknik pwoteksyon yo, pou pwoteje tèt yo lè y ap travay nan yon konjonkti ki difisil. N ap mande zanmi jounalis nou yo pa neglije pataje eleman sila yo ak kòlèg travay nou oubyen kòlèg jounalis nou yo.

Chak jou, n ap pibliye sou paj Facebook, Instagram ak Twitter nou kèk nan kat sa yo ki trete plizyè aspè nan zafè sekirite jounalis yo. Gen 10 seksyon antou, w ap jwenn tout nan yon sèl dokiman PDF. Ou kapab telechaje li apati jodi a menm, jis klike sou lyen sa.

Pwogram sa a rive reyalize sou lobedyans FOKAL ak sipò epi kolaborasyon Internews, Sahco Consulting ak Ralph Dupoux. Chapo pou Liselotte Eneros Relling ak Khallil Sayyad Hilario ki pote kole tou nan kad travay sa.

 

 

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.