23 dawout : Jounen Entènasyonal pou sonje tray trafik Moun Nwa ki te sòti Lafrik ak lè li kaba

KreyolSe pou komemore memwa tout moun, fanm kou gason, ki te goumen kont kolonizasyon, esklavaj ak rasis nan fen 18e syèk la sou bout tè sa yo rele Ayiti jodia UNESCO deklare, depi nan lane 1998, dat 28 dawout lan kòm Jounen Entènasyonal pou nou sonje tray Trafik Moun Nwa ki te sòti Lafrik yo ak lè li kaba.

Soti lannwit 22 pou rive 23 dawout 1791, esklav yo fè yon gwo leve kanpe nan Sendomeng, alepòk yon koloni peyi Lafrans. Leve kanpe san pran souf sa te vin transfòme nan yon veritab lagè moun pot ko janm wè. Konsa, nan nwa novanm 1803, nan gwo batay Vètyè a, Lame Endijèn lan te pral ranpòte lagè a sou twoup lame Napoleyon yo ki te vin retabli sistèm esklavaj la ki te gentan kaba depi lane 1793. Zansèt yo te rebay bout tè sa non Ayiti, non pèp Tayino yo te deja ba li a, pou montre gwo volonte pou koupe fache ak sistèm esklavaj lan lè yo deklare tèt yo endepandan nan dat premye janvye 1804 la.

Se te yon lendepandans mond esklavajis lan pa te janm aksepte. Poutèt sa, yo te rive fè jèn nasyon an peye lendepandans sa trè chè. Men sa te pi grav ankò pou peyizan yo, sila yo ki te bay swè ak san yo, sila yo pa te janm konnen kijan yo rele, sila yo ki te koupe fache ak ansyen rejim nan pou libète, egalite, lonè ak diyite te gen tout sans yo.

Kat syèk kote moun pa te pran moun pou moun kite mak fabrik li nan lemond jiskaprezan. De jou an jou, dokimantasyon sou kesyon trafik moun ak lesklavaj lan ap vin pi plis. Moun k ap fè rechèch nan domèn syans sosyal yo, tankou istoryen, jewograf, akeyològ ak filozòf yo pwofite itilize dokimantasyon sa yo pou analize, konprann, konpare epi pataje eleman gwo antrepriz mondyal sa ki te trafik moun nwa nan zòn Oseyan Atlantik la ak nan Oseyan Endyen an, ki te rive mete lapat sou plizyè milyon Afriken epi fè yo travay kòm esklav. Travay kreyasyon aplastik yo, literati, mizik epi ladans, gras ak imajinasyon, pote anpil limyè sou anpil mak krim sa yo kite. Men tou, yo ede nou konprann kokennchenn kouraj viktim yo te genyen pou kanpe anfas bouwo yo ak kalte fòs sa pou goumen pou jwenn liberasyon.

Nan moman kote peyi a ap viv gwo kriz, latwoublay ak tribilasyon ki makònen ak yon sitiyasyon vyolans san parèy k ap kraze epi detwi nou, nou dwe reflechi sou kisa evènman ki te pase nan lannwit sòti 22 pou rive 23 dawout 1791 la te genyen kòm objektif ak pwomès, eseye jwenn epi viv vrè sans lide Libète ak Egalite ki se fondasyon menm peyi d Ayiti.

 

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.