Konbit pou kenbe dans tradisyonèl ayisyen yo

mnmSòti 8 pou rive 27 dawout 2022 a, asosyasyon ki rele « Collectif pour la Sauvegarde des Traditions Haïtiennes » (CSTH), ap reyalize yon atelye dans fòlklò ayisyen nan lokal « Éclosion » nan Pòtoprens.

Atelye sila a ap reyalize nan lide pou bay jarèt ak ritm, dans tradisyonèl ayisyen yo pou yo pa disparèt. Seyans yo reyini chak jou plis pase 40 dansèz ak dansè fòlklò pwofesyonèl.

Fòmasyon sila a pèmèt patisipan yo aprann epi pratike anpil koregrafi ak pa dans ki sòti nan divès ritm, rityèl ak tradisyon pèp ayisyen an. Se atravè 26 ritm diferan, fòmatè yo ap mete patrimwàn kiltirèl sa a an valè. Pami yo gen Ibo, Nago, Dogi, Chanpèt, Kongo, Rara, elatriye.

Anplis aktivite dans yo, mak fabrik atelye sila a chita sou echanj ki fèt ant pwofesyonèl yo sou orijin, istwa dans yo, epi ak divès kalte non ak varyasyon ki genyen ladan yo nan plizyè zòn nan peyi a.

Boutofen, Kolektif la ap travay pou kapab rive kenbe, pwoteje epi transmèt patrimwàn sa a bay jenerasyon k ap vini yo. Atelye sila ki jwenn sipò bò kote FOKAL ak kèk lòt patnè sòti nan youn nan pwojè CSTH genyen pou pwoteje, konsève epi fè pwomosyon pou ritm tradisyonèl ayisyen yo. Gen lòt aktivite ki prevwa toujou tankou konferans, dokimantè, espektak, rechèch, envantè, elatriye.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.