Patenarya ak Inivèsite

UniversiteTranblemanntè 2010 la te afekte sistèm edikatif la menmjan sou plan moun ak nan enfrastrikti yo. Li te sitou revele disfonksyonman tout bagay ki te kenbe depi kèk tan. Depi seyis lan, FOKAL devlope atravè program Edikasyon ak Inivèsite yon ansanm aktivite pou kapab :

  • Idantifye ak soutni kèk projè nan Edikasyon e Fòmasyon ki pote dinamik inovan sou plan sosyal, òganizasyonèl oubyen teknolojik nan benefis sitou moun ki pi vilnerab nan sosyete ayisyen an
  • Soutni osi byen enstitisyon, endividi ki patisipe nan konstriksyon e valorizasyon konesans sou Ayiti, istwa l, memwa l, anviwònman l, jeyografi l, konpozan demografik, politik, soyal ak kiltirèl yo ; men tou devlopman kapasite inovasyon sosyal ak technoloji yo nan peyi a.
  • Kontribiye pou fè estrikti edikatif ak etablisman ansèyman siperyè yo k ap reponn atravè fòmasyon ak rechèch, nan bezwen ki byen idantifye yo pou devlopman peyi a ak amelyorasyon kalite lavi popilasyon an.
  • Mobilize syantifik ayisyen ak etranje yo k ap pote kontribisyon nan ranfòse pledwaye òganizasyon sosyete sivil Ayiti yo nan domèn tankou jistis, devwa memwa, sante, anviwònman ak edikasyon.
  • Favorize prezans Ayiti nan rezo syantifik, ti sèk refleksyon ak desizyon entènasyonal yo k ap fasilite sikilasyon moun ant Ayiti ak etranje.

Program sa sible an priyorite domèn entèvansyon sa yo se : syans lasante ak anviwònman ; syans moun ak syans soyal yo ; edikasyon atravè apui nan kèk projè edikasyon nan milye riral ak pou moun ki nan sitiyasyon andikap, apui nan kèk projè fòmasyon nan teknoloji ; volontarya pou etidyan ; antreprenarya jèn yo. Li devlope yon ansanm relasyon ak kèk òganizasyon ak inivèsite ayisyen ak etranje yo.

FOKAL bay sipò finansye ak etidyan ki briyan yo pou etid siperyè ak inivèsitè yo an Ayiti, oubyen aletranje pou etid twazyèm sikl yo.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.