Edikasyon Sitwayèn (AJULIH)

AJULIHAn avril 2017, Avocats Sans Frontières Canada lanse projè « Aksè nan jistis ak lit kont enpinite an Ayiti », gouvènman kanadyen an finanse e ladan l FOKAL se patenè. Gran aks projè sa deploye se: kontribiye nan amelyorasyon aksè nan lajistis ; kontribiye nan lit kont enpinite ak koripsyon ; kontribiye nan dinamik patisipasyon sitwayèn nan prosesis demokratik yo. FOKAL entèvni patikilyèman sou dènye volè sa, atravè program Edikasyon Sitwayèn li an.

Pèmèt sitwayen yo konprann e revandike dwa yo

Edikasyon Sitwayèn se yonn nan kondisyon yo ou pa ka pase w de li pou sitwayen yo konprann yo menm anje sosyete yo, patisipe nan deba piblik e kapab yo menm ekzije gouvènman yo a k ap aji pou byen tout moun. FOKAL propoze yon ansanm dokiman vilgarizasyon sou divès tematik dwa moun, mete kanpe yon platfòm enfòmasyon ak echanj an liy sou menm tematik sa yo, e ofri ak piblik la aktivite kiltirèl pou sansibilize e konsyantize jèn yo nan kesyon sitwayennte ak dwa moun yo atravè pratik atistik. Atravè kanpay enfòmasyon sa, edikasyon ak aksyon sitwayèn sa yo, FOKAL swete sansibilize jenès la sou tematik osi varye tankou dwa fanm yo, minè yo, moun ki nan prizon yo, devwa memwa, lit kont enpinite ak jistis tranzisyonèl, elatriye.

Akonpanye sektè k ap travay nan Promosyon dwa moun

Atravè aksyon sible yo, FOKAL swete touche dirèkteman sitwayen yo, an patikilye jèn sitwayen yo. FOKAL plis konsidere li enpòtan pou ankouraje aktè k ap reyaji chak jou avèk yo, epi ki travay anfavè respè dwa moun reyone sou jenès la. Li propoze ranfòse aktè sosyete sivil la atravè fòmasyon, fòmasyon fòmatè yo, ak akonpayman. Yon apèl propozisyon chak ane pou projè promosyon dwa moun yo kapab idantifye e akonpanye òganizasyon sosyete sivil la ak sitwayen ki swete propoze aksyon sitwayèn ki inovan yo ; medyasyon nan lekti pèmèt responsab yo ak pèsonèl bibliyotèk yo kreye animasyon divètisan, entèratif e pedagojik alantou tematik dwa moun.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.