Pwogram Bibliyotèk la

Le programme BibliothequeNou kwè lekti se yon dwa nan yon peyi kote li se yon privilèj jiskaprezan. Atravè sipò pou dizwit (17) bibliyotèk ki pre kominote yo, pwogram sa a gen pou objektif pou fè liv ak lekti pi aksesib pou lektè yo, sitou sa ki pi jèn yo. Ti bibliyotèk lokal sa yo benefisye sipò lajan, don liv ak sipò teknik. Pi souvan se jèn nan kominote yo ki jere bibliyotèk sa yo, ak akonpayman kominote yo, epi yo lokalize nan zòn majinal nan kapital la, ak nan pwovens yo.

FOKAL fasilite bibliyotèk ayisyen rantre nan rezo rejyonal ak entènasyonal, e fondasyon an te sipòte gwo patisipasyon nan konferans ALA, IFLA, ACURIL. Patenarya li fè avèk Bibliothèques Sans Frontières (bibliyotèk mobil) ak Littafcar (enfòmasyon sou entènèt ak platfòm fòmasyon sou literati lang franse ki soti nan Afrik, Ewòp ak Karayib la ak pwojè koperasyon nan peyi Benen, Rwanda, Ayiti ak Bèljik) te demontre lidèchip ak kapasite pou atire nouvo donatè nan FOKAL. FOKAL ap jere bibliyotèk mobil Bibliotaptap la depi 2015; bibliyotèk Sant Kiltirèl Katherine Dunham nan Pak Matisan ap fonksyone depi 2015.

 

Kat bibliyotèk rezo FOKAL la

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.