Espas Matisan ki louvri pou piblik la

Pak Matisan an gen plizyè espas ki deja louvri pou piblik la. Pou prepare vizit espas li yo, ou ka konsilte dirèkteman sit Pak Matisan an.  

 

Memoryal 12 janvye a

Parc Martissant

Memoryal sa te inogire nan mwa janvye 2012 pou rann omaj a viktim tranblemanntè 2010 la epi pou pèmèt moun ki toujou pote nan kò yo ak nan nanm yo tras dezas la sonje epi kontinye viv nan diyite ak rekonesans. Li se yon espas nan pak la ki fèt pou n pa janm bliye tout moun ki te mouri yo, tout sila yo ki disparèt, ki andikape, kay ak divès kalite enfrastrikti ki detwi nan peyi a. 

 

 

 

Jaden plant pou remèd yo

Jardin medicinal1

Jaden plant pou fè remèd yo se yon sant aprantisaj pou vizitè tout kategori epi yon espas referans pou tout moun k ap fè pwomosyon pou remèd fèy ki bon pou gerizon. Li gen 400 plant ayisyen ak etranje, pou 150 espès diferan ki prezante yo chak kalite pa yo pou swen yo. Jaden an twouve l sou ansyen pwopriyete dansèz, antwopològ, koregraf ameriken Katherine Dunham. Moun ki te desinen epi konstwi jaden an se Raul, Winifred ak Anik Galvan. Moun ki te òganize plantasyon yo se Marilise Rouzier, ki se biyolojis ak espesyalis plant pou fè remèd, ak Christine Audain-Chenet, ki li menm se peyizajis.

 

Bibliyotèk sant kiltirèl Katherine Dunham nan

CCKD

Bibliyotèk sant kiltirèl Katherine Dunham nan se yon batiman orijinal, konfòtab pou etidye ak fè lekti. Achitèk Raul Galvan Yanez et Winifred Jean Galvan k ap travay nan fim konstriksyon Espace et Structures panse achitekti bibliyotèk la an senk modil kote kouvèti yo sanble ap imite mouvman dans yo. Bibliyotèk la akeyi aktivite pwomosyon lekti, konferans, pwojeksyon, epi l gen yon espas ki rezève pou timoun ak yon sal enfòmatik.

 

 

Le programme Bibliotheque

Bibliyotaptap la

Yon bibliyotaptap se yon bibliyotèk mobil ki fèt sou modèl taptap, yon mòd transpò piblik yo itilize an Ayiti. Li ofri lekti ak sèvis animasyon nan espas piblik yo ak lekòl yo. Se yon pwojè òganizasyon franse Bibliothèque sans frontières (BSF) inisye an 2012, ak twa patnè ayisyen: Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL), Direksyon Liv Nasyonal (DNL) ak Bibliyotèk Nasyonal Ayiti (BNH). Pwojè sa, inisyalman finanse pa Inyon ewopeyèn ak Fondasyon Digicel pou satisfè demand pou lekti piblik aprè tranblemanntè 2010 la, te bay kreyasyon twa bibliyotaptap.

 

Jaden kominotè a

fresque

Jaden kominotè a se yon espas ki dedye a sansibilize elèv Matisan yo sou pwoteksyon anviwònman an. Objektif la se enspire a jèn yo yon sansibilite patikilye pou anviwònman an, rekonekte yo ak patrimwàn forestye peyi a epi ankouraje yo byen jere fatra yo nan anviwònman yo. Chak semèn, ant 60 ak 80 elèv ak 5 pwofesè vizite jaden an ak yon ekip ki nan pak la. Anviwon 1 000 elèv Matisan patisipe nan aktivite yo chak ane. Jaden kominotè a fè pati pwogram edikatif pwojè Jesyon Ibèn Pwoksimite a.

 

 

Miray ak desen sou dwa moun yo

Miray ak desen sou dwa moun yo, ki twouve l anndan Abitasyon Leclerc, se rezilta yon travay aprantisaj ak fòmasyon sou dwa moun ak jèn Matisan yo. Se yon gwo miray blan ki gen yon longè 25 mèt ak yon wotè 1,5 mèt ki gen sou li yon seri wonn tankou gwo fèy ki pandye yonn ak lòt ou tankou se yon chèn. Sou chak wonn, gen yon desen ki reprezante yonn nan 30 atik deklarasyon inivèsèl dwa moun 1948 la. Se achitèk franse Françoise Schein, ki nan asosiyasyon Inscrire (http://www.inscrire.com/) ki te anime atelye desen yo ak 160 jèn nan katye a sou envitasyon FOKAL.

http://www.parcdemartissant.org/index.php/le-parc/les-espaces-ouverts-au-public

 

 

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.