Harold Courlander American Corner

American Corner

Aprè anbasad ameriken an Ayiti ak FOKAL te fin siyen yon akò nan ane 2009, yo te chwazi Bibliyotèk Monique Calixte pou yo mete yon «American Corner», ki se yon espas difizyon literati ak kilti ameriken an. Yo te bay espas la pote non Harold Courlander, ki te yon gwo etnomizikològ ameriken ki te renmen Ayiti. American Corner (ki vle di Kwen ameriken) se yon inisyativ Etazini nan objektif pou l fè moun konprann pi byen kilti, istwaak politik ameriken nan peyi ki akeyi l yo. Sant dokimantasyon espesyalize sa yo se yon patenarya ant Anbasad Etazini ak yon enstitisyon peyi akèy la. Gouvènman ameriken an inogire anviwon 400 American Corner nan 60 peyi pandan dis dènye ane sa yo. 

Sèvis ak aktivite American Corner Harold Courlander a

 

  • Aksè a entènèt gratis pou konsilte kèk sit espesifik
  • Klèb sinema jou jedi
  • Klèb konvèsasyon jou vandredi
  • Klèb jwèt jou samdi : echèk ak eskrab

Epi tou sware slam nan mwa avril, konsè, fòmasyon, atelye, elatriye.

 

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.