Tarif ak sèvis BMC yo

Services de la BMCBMC a se yon bibliyotèk pwoksimite. Li ouvè a tout moun, jèn kou granmoun. L ap desèvi yon gwo odyans ki soti nan divès komin nan awondisman Pòtoprens, men sitou moun ki abite nan Kafoufèy ak katye vwazen yo.

Pou w gen aksè a bibliyotèk la, prete dokiman ak benefisye de tout lòt sèvis yo, ou oblije enskri.

Kondisyon pou w enskri

  • Prezantasyon yon pyès idantite valid pou w enskri pou yon ane
  • Yon prèv adrès kote w rete
  • Frè enskripsyon yo
  • Otorizasyon yon paran pou timoun ki poko gen 10 zan yo

Tarif frè enskripsyon yo

  • Timoun (4-11 zan) : 5o goud;
  • Jèn (12-18 an): 100 goud;
  • Granmoun (plis pase 18 an) 150 goud.

Enskripsyon yo fèt soti madi pou rive vandredi, soti 10 zè nan maten pou rive 4 trè nan aprèmidi

 

Lòt tarif

  • Navigasyon sou entènèt 5 goud/15 minit.
  • Enpresyon Nwa e Blan 5 goud/paj. 
  • Enpresyon Koulè 15 goud/paj.
  • Nimerizasyon 5 goud/paj.

Sèvis yo

  • Depi 2008, katalòg ak sistèm jesyon an enfòmatize gras ak lojisyèl gratis PMB a. Akòz difikilte pou gen yon sèvis entènèt ki estab, katalòg BMC a poko sou entènèt.
  • Manm bibliyotèk la prete liv gratis, li jis bezwen montre kat li. Chak manm gen dwa a 2 liv pou 2 semèn.
  • Ou ka konsilte liv, magazin, ansiklopedi ak CDroms sou plas.
  • Bibliyotèk la ofri nouvo manm li yo yon fòmasyon sou itilizasyon OPAC, yon zouti ki bay aksè a katalòg enfòmatize a pou chèche dokiman oubyen rezève liv.
  • Manm bibliyotèk la ka fè fotokopi dokiman pou yon ti kras lajan.
  • Yo ka navige sou entènèt, enprime epi eskanerize dokiman.

BMC a ofri tou yon seri animasyon tankou : ekspozisyon, konferans, pwojeksyon fim, kont, animasyon pou timoun, lekti piblik, atelye teyat ak atizay plastik, jwèt elatriye. Nou ka konsilte ajanda BMC pou mwa a, pou n konn sa k ap fèt.

 

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.