Rendez vous FOKAL

 

Rendez vous BMC

Jenn klèb deba Jeremi òganize yon jounen sansibilizasyon sou dwa prizonye yo

VUSH0636Klèb deba pwogram Inisyativ Jenn FOKAL la nan vil Jeremi òganize yon jounen sansibilizasyon nan sant vil la sou dwa moun ki nan prizon yo, jou samdi 4 me 2019 la. Nan lokazyon sa, yon 30èn jenn mennen aktivite pou raple dwa detni yo, reflechi sou kondisyon yo e diskite sou jan pou chanje yo. 

Jounen sansibilizasyon sa se aboutisman yon inisyativ ki te pran lane 2018 la, nan lokazyon kan nasyonal deba a ki te fèt Le MontCel, kote klèb Jeremi a te konvenk yon jiri pou ba yo sipò ak pwojè pou atire atansyon popilasyon an sou dwa prizonye yo genyen e kreye aktivite pou favorize dwa sa yo.

Konsa, klèb deba a jwenn sipò pwogram Edikasyon sitwayen FOKAL la ak sipò Avoka San Fwontyè Kanada, pou atenn objektif sa, nan founi akonpayman, fòmasyon ak mwayen.

Jounen an te kòmanse ak rasanbleman jenn yo nan lokal Alyans Fransèz nan Jeremi a 10 zè nan maten, pou dènye kominkasyon ak eksplikasyon yo. Vè 11è nan maten, yon delegasyon 29 jenn klèb deba Jeremi ansanm ak de (2) responsab klèb la yo an tanmen yon mach, pankat nan men, nan kèk ri nan vil la. « Prizonye yo se moun tankou tout moun », « vyole dwa yon prozonye se yon enjistis » se kèk nan pawòl ki te enskri sou pankat sa yo ak nan mayo jenn yo.

Mach la te abouti nan prizon sivil Jeremi a kote delegasyon an te fè yon kout vizit pou antreteni ak prizonye yo sou kondisyon yo anndan prizon an. Sou plas, yo rekeyi temwayaj kèk prizonye, e yo repati ak kèk zèv yo ak angajman pou ekspoze yo nan konferans ki ta pral fèt an apre a.

Jenn yo te mache nan vil la ankò apre vizit la, fwa sa ak zèv prizonye yo nan men yo tou, anba rega moun ki tap pase yo ki pat manke ranseye yo sou aktivite a. Yo pase sou plas zam nan, devan fwaye kiltirèl la, akote mini estadyòm Jeremi a, epi yo grenpe mòn Bourèt la pou yo al poze baz yo nan Sant Carl Edouard Peters », kote jounen sansibilizasyon an ta pral konnen dezyèm faz li.

VUSH0683Nan espas sa, nan yon sal ranpli, klèb la ofri yon konferans sou tèm « Prizon e dwa detni yo nan peyi Ayiti, kijan pou fè respekte dwa moun yo ? ». Samuel Gangon, Quettelie Pierre ak Josie Appolon, ki te represante yo chak nan lòd sa, ASF Kanada, OPC ak REGADH (yon branch RNDDH nan Grandans), ak te asire entèvansyon ak echanj ak piblik la. Valdinde, youn nan animatè klèb la yo, te fasilite moderasyon an. Patisipan yo te genyen lokazyon gade ansanm tou bèl repòtaj Unreported world nan lavi nan penitasye ki rele « Haiti’s prison from hell ». Pou fini, òganizatè yo envite tout moun ki te nan konferans la envite pou yo fè pawòl la mache pou pledwaye a rive nan zòrèy responsab yo pou mezi pran pou dwa detni yo kòm moun respekte. 

VUSH0822Piblik la te gen ladan 10 delegasyon lekòl nan vil la, ak kèk notab ak paran. Kesyon ak entèvansyon yo te anpil apre konferans la. Deyò sal la, zèv prizonye yo reyalize ak materyèl resikle tankou plastik te ekspoze. Jenn yo te envite moun achte zèv sa yo e sa yo rekòlte yo pral tounen jwenn prizonye yo. 

Òganizatè yo satisfè ak aktivite a. Selon Valdinde, sansibilizasyon sa pa kanpe la. Jenn Jeremi yo ap kontinye kreye aktivite kote yo ka pale ak moun yo de pwoblèm vyolasyon dwa prizonye yo, patikilyèman sa ki nan prizon sivil Jeremi a yo. 

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com