Skip to content
Skip to content
default-logo
  • Akèy
  • Fokal
  • Pwogram
  • Sibvansyon
  • Nouvèl Fokal
  • Ayiti Demen
  • Kontak
  • Haitian Creole
    • Français
    • English
    • Haitian Creole
Fè yon don

Final premye edisyon « Konkou nasyonal tèks ak ilistrasyon an kreyòl ayisyen »

  • 5 novanm 2026

Apre plizyè mwa travay, moman an rive pou nou dekouvri gayan premye edisyon « Konkou nasyonal tèks ak ilistrasyon an kreyòl ayisyen pou literati jenès » la! Enstiti Siperyè Fòmasyon, Rechèch ak Inovasyon nan Edikasyon (InnovEd-UniQ), yon estrikti akademik nan Inivèsite Quisqueya, ap òganize seremoni final la pou remèt pri bay gayan yo nan twa kategori: Kont, Resi kout ak Bann desine (BD).

Atravè konkou sa a, InnovEd-UniQ vle ankouraje kreyasyon tèks orijinal an kreyòl ayisyen, dekouvri nouvo talan epi bay pi bon travay yo chans pou rive jwenn timoun yo gras ak yon pwosesis editoryal serye.

Randevou a fikse pou samdi 7 novanm 2026, apati 10è nan maten, nan sal CCC, nan Inivèsite Quisqueya. Si nou pa kapab prezan, n ap ka suiv seremoni an sou entènèt, avèk kòd QR ki sou afich la.

Fondasyon Konesans ak Libète – FOKAL, youn nan patnè konkou a, felisite tout gayan yo epi remèsye tout moun ki te patisipe yo. Li salye tou angajman InnovEd-UniQ nan devlopman kreyasyon literè ak ilistrasyon an kreyòl ayisyen.

Tags:edikasyonKonkouKreyòlliteratitimoun

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

FOKAL - Fondasyon Konesans Ak Libète

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

Swiv nou:

Estrikti Afilye

  • Ayiti Demen
  • Centre d’Art
  • EGALEGO
  • Kiskeyart
  • Parc de martissant
  • FokalFad
  • Bibliothèque Monique Calixte

Enskri nan Nouvèl Fokal

    Copyright © 2026-FOKAL