“Pri Mansbach Family Liv Kreyòl Ayisyen pou Timoun” pral rekonèt jefò otè ak ilistratè ki travay pou lang ak istwa rive jwenn timoun avan yo gen 6 lane.

Pòtoprens | Boston, 28 oktòb 2026.- Nan okazyon Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la, Fondasyon Mansbach Family anonse kreyasyon Pri Mansbach liv Kreyòl Ayisyen pou Timoun (Mansbach Haitian Kreyòl Children Picture Book Award). Pri entènasyonal sa a vize ankouraje kreyasyon bon jan liv ak imaj an kreyòl ayisyen pou timoun ki poko gen 6 lane. Li vize tou pou onore otè ak ilistratè k ap kreye liv pou timoun ayisyen yo, kèlkeswa kote y ap viv lan.
Piti piti, zwazo fè nich li. Fanmi ayisyen yo konnen depi lontan, pi bonè se gran maten. Kidonk, premye istwa yon timoun tande, se youn nan bagay ki pi enpòtan nan lavi li. “Chak timoun dwe tande lang lakay li nan yon bèl liv, daprè doktè Sara Currie Mansbach ki se espesyalis nan alfabetizasyon familyal ak militan pou timoun ayisyen yo gen aksè a liv. Pri sa a ap rekonèt travay otè ak ilistratè ki itilize lang kreyòl la, konsa timoun ki pi piti yo wè tèt yo nan liv sa yo pandan y ap grandi”.
Liv ak imaj sa yo fèt pou paran yo ka li, pou timoun yo tande, viv bèl moman lekti a, epi mande istwa a ankò. Se poutèt sa jiri an ap chèche liv k ap bay timoun yo kè kontan pandan y ap koute istwa yo, ak pawòl epi imaj ki fèt pou laj yo. Liv k ap ranpòte pri yo dwe enterese timoun yo, pou yo pran plezi nan lekti a epi reveye kiryozite yo sou lang, kilti ak eritaj ayisyen an.
Dat enpòtan yo:
- Liv ki ka patisipe : liv ki pibliye an Kreyòl sòti premye janvye 2020 pou rive 31 desanm 2026
- Kòmansman 2027: piblikasyon enfòmasyon pou soumèt dosye
- 18 me 2027, Fèt Drapo Ayisyen an : piblikasyon gayan yo
An menm tan, Fondasyon Mansbach Family mete sou pye Books for Haiti’s Bright Beginnings Fund (Fon liv pou yon bèl avni an Ayiti), ki twouve l anndan Boston Foundation. Se fon sa ki pral jere pri a epi finanse lòt bèl aktivite ankò.
Fondasyon an ap gen pou pibliye enfòmasyon sou kondisyon patisipasyon yo ak pwosedi pou soumèt liv yo pi devan. Pou plis enfòmasyon, ekri nan adrès imel sa : pritimoun_enfo@tbf.org
Konsilte sit sa a pou plis enfòmasyon: https://www.tbf.org/brightbeginnings
