Pwomosyon estrikti nan sosyete a
Devlopman dirab
Depi lè li te kreye an 1995, FOKAL te panche sou pwoblèm sa a nan bay yon sipò teknik ak finansye bay òganizasyon k ap travay nan domèn sa a, patikilyèman òganizasyon peyizan yo ak antrepriz sosyal ak solidè yo. Pwogram sa a vize tou transfè konpetans, kolekte done epi sinèji aksyon sitwayen yo nan lide pou fè bon jan pledwaye nan nivo lokal ak nasyonal. Finansman yo vize pwojè k ap ranfòse pwodiksyon agrikòl ak elvaj nan batay kont ensekirite alimantè, pwoteksyon anviwònman ak divèsite biyolojik; jesyon fatra; mityèl solidarite yo; inisyativ ekolojik nan agrikilti ak lapèch; ak rezèv dlo potab. Finansman sa yo konsène tou pwojè edikasyon ak fòmasyon ki pote dinamik inovatris sou plan pedagojik, òganizasyonèl oswa teknolojik, epi ki pran an kont aspè anviwònman, ekonomik ak sosyal teritwa yo ak popilasyon yo. Pwogram sa a te benefisye sipò Fondasyon Ford, Open Society Foundations, Fondasyon Kellogg, ak Citi Foundation.
Dwa moun, dwa fanm, ak sosyete sivil
FOKAL ap soutni òganizasyon nan sosyete sivil la k ap travay pou pwoteksyon dwa moun. Li ofri sibvansyon tou pou pwojè ki pa gen objektif fè lajan ki fèt pou pwoteksyon, promosyon ak respè dwa fondamantal ak libète endividyèl yo. Pwogram sa a te travay tou yon fason transvèsal ak lòt pwogram FOKAL yo pou fè pwomosyon pou tèm espesifik tankou: dwa fanm ak tifi, devwa memwa, dwa moun ki gen andikap, kesyon dèt la ak rekonesans endepandans Ayiti. Pwogram sa a te benefisye sipò Fondasyon Ford, Open Society Foundations, ak Fondasyon Kellogg.
Ankouraje otonomi chak moun ak angajman sitwayen
Pwogram Inisyativ Jèn
Projè sa ap devlope aptitid yo nan deba nan yon optik sitwayen. Deba ap aprann jèn yo devlope panse kritik yo, kapasite pou eksprime yo, aptitid yo nan rechèch endepandan e mennen yo diskite sou sijè ki afekte lavi yo ak kominote yo ap evolye nan yon anbyans tolerans, rasyonalite ak rigè entelektyèl. Onz(11) klèb ki gaye nan tout peyi a, reyini chak semèn ak yon ventèn jèn k ap debat sou tèm ki chwazi alavans, prepare tounwa, diskite sou konjonkti an. Jèn yo lanse deba tou pandan y ap sèvi ak nouvo teknoloji yo tankou blòg oswa mesaj tèks.
Inisyativ :
- JOLYI JOINT LEADERSHIP YOUTH INTIATIVE – JOLYI
Pwojè JOLYI a gen objektif sipòte kominote yo atravè jèn yo, pou fè prevansyon kont vyolans, fasilite aksè ak pwogram edikatif ak espòtif, sansibilize sou dwa moun ak aktivite devlopman. Li konte tou sou ouvè chimen pou opòtinite travay atravè antreprenarya epi li ankouraje jèn yo tou pou yo angaje yo nan yon dyalòg konstriktif sou tolerans. Pwojè JOLYI a, chita prensipalman sou jèn nan Pòtoprens, sitou nan katye tankou Matisan, Site Solèy, Kwadèboukè ak Belè, itilize yon apwòch jeneral (olisitik), patisipatif ak entèseksyonèl. Li fèt an kolaborasyon ak Baskètbòl pou Ankadre Lajenès – BAL, ak Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH), epi se Kongregasyon Sisters of St. Joseph of Peace (CSJP) ki finanse li.
- Egalego/AJULIH
Nan mwa avril 2017, Avocats Sans Frontières Canada te lanse pwojè “Aksè ak lajistis epi batay kont enpinite an Ayiti”, yon pwojè gouvènman kanadyen an te finanse epi FOKAL te patnè ladan l atravè inisyativ Edikasyon Sitwayèn nan. Menmsi pwojè sa a te kanpe nan lane 2023, tout zouti yo disponib sou platfòm Egalego a.
Edikasyon
- Inivèsite Patenarya ak Sipò pou etid yo
Atravè pwogram sa a, FOKAL devlope yon ansanm aktivite ki konsène rechèch, ranfòsman enstitisyonèl ak devlopman kapasite inovasyon sosyal ak teknolojik nan peyi a. Pwogram sa a devlope relasyon ak enstitisyon ansanm ak inivèsite an Ayiti ak nan peyi etranje. FOKAL bay sipò finansye tou bay etidyan ki gen dosye akademik ekselan pou yo fè etid siperyè ak inivèsitè an Ayiti. Pwogram sa a te benefisye sipò Open Society Foundations ak Fondasyon Kellogg.
Inisyativ :
- Lekòl Nou
LEKÒL NOU se yon inisyativ FOKAL ap jere nan kad pwojè AVNI NOU, Agence Française de Développement finanse. Li vize revalorize wòl ak imaj anseyan yo (pwofesè yo), ankouraje dyalòg, ranfòse relasyon nan mitan kominote edikatif yo epi transfòme fason pwofesè yo ap anseye. Ansanm ak patnè li yo tankou Blue Butterfly, Village Santé, Mwèm ak Festival de théâtre Quatre Chemins, inisyativ sa a te difize yon feyton radyo ki rele Chapo ba ki gen 80 epizòd, epi li te reyalize espektak ak pwojeksyon fim nan divès lekòl nan peyi a. Nan lane 2025, pwojè a te elaji pou l touche edikasyon emosyonèl timoun yo, ki pran gwo frap pandan dènye lane sa yo an Ayiti; sa te fèt atravè difizyon ak animasyon ti videyo ki rele Timoun San Tras, Fondation de France, Fondation Kellogg ak Open Society Foundations finanse.
Ranfòsman pwosesis òganizasyonèl yo
Atizay ak Kilti
Depi 1999, FOKAL ap soutni, atravè apèl pou pwojè ak sibvansyon vize, atis endividyèl yo ansanm ak kolektif atistik ak kiltirèl yo nan tout domèn kreyasyon yo. Pwogram sa a sipòte enstitisyon lokal yo tou tankou mize, fondasyon ak lekòl. FOKAL te lanse patenarya ak UNESCO, Institut Français, Fondation Culture Création ak fondasyon AfricAméricA, pou n site sa yo sèlman, pou l ka kontribye nan echanj nan nivo nasyonal ak entènasyonal. FOKAL se patnè Festival de Théâtre Quatre Chemins, yon moman fèt ak tèt ansanm pou teyat ayisyen kontanporen an, ki kreye chak lane espas rankont ak lib ekspresyon ant atis yo ak piblik la.
FOKAL soutni tou bibliyotèk lokal yo (bibliyotèk katye yo) ki benefisye sipò finansye, don liv ak ankadreman teknik. Pifò nan yo se gwoup jenn moun kominote a ap sipòte k ap jere yo, epi yo chita kò yo nan katye defavorize nan kapital la, nan ti vil pwovens yo ak andeyò.
FOKAL te fè kèk bibliyotèk ayisyen antre nan rezo rejyonal ak entènasyonal epi li te sipòte patisipasyon yo nan konferans American Library Association (ALA), International Federation of Library Associations (IFLA), ak Association of Caribbean University Research and Institutional Libraries (ACURIL). Pwogram sa a te benefisye sipò Fondation Ford, Open Society Foundations ak Fondasyon Kellogg.
Inisyativ nan sektè kiltirèl la:
- Fabrique des Arts (Faktori atizay),
Fabrique des Arts jwenn finansman Ajans Fransè pou Devlopman (AFD), se youn nan twa eleman nan pwojè Tanbou a; se Institut français de Paris ak yon koalisyon òganizasyon nan sosyete sivil ayisyen an ki mete pwojè sa a sou pye. FOKAL se lidè prensipal pwojè sa a, ansanm ak Centre d’art ak Association Quatre Chemins. Objektif final pwojè a se sipòte estriktirasyon sektè endistri kiltirèl ak kreyatif yo (ICC) an Ayiti.
- Revitalizasyon ak Vizibilite sektè kiltirèl ayisyen an (REVIV)
REVIV se yon inisyativ Inyon Ewopeyen finanse ki vize ranfòse vitalite ak vizibilite sektè kiltirèl ayisyen an, ki pran gwo frap anba sitiyasyon aktyèl peyi a. Li antre nan kad yon volonte mityèl pou fè lakilti sèvi kòm yon levye pou devlopman dirab, rezilyans sosyal ak dyalòg sitwayen. Inisyativ sa a ofri opòtinite pou finansman, fòmasyon ak kreyasyon rezo pou travay ansanm.
Patrimwàn
Depi lè l te kreye an 1995, FOKAL bay istwa ak valorizasyon patrimwàn materyèl ak imateryèl la yon gwo enpòtans atravè tout pwogram li yo, sitou nan kad pwogram atizay ak kilti.
Pandan ane 2009 la, òganizasyon HELP (Haitian Education Leadership Program) ak FOKAL te fasilite enskripsyon kay Gingerbread nan Pòtoprens yo sou lis moniman an danje Fon Moniman Mondyal yo. Prezèvasyon kay sa yo te anrejistre an 2010 epi renouvle an 2012. Rekonesans sa fè li posib pou sansibilize pwofesyonèl nan tout mond lan ak enstitisyon entènasyonal yo sou ijans pou sipòte reyabilitasyon ak konsèvasyon patrimwàn achitektiral ayisyen an. Aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la, kay sa yo te pwouve yo trè solid, anplis de distenksyon yo ak karaktè yo.
FOKAL te achte epi restore de nan kay sa yo: Maison Dufort ak Maison Chenet. Nan transfòmasyon kay sa yo an atelye-lekòl, jèn ki te mobilize nan pwosesis restorasyon yo te aprann anpil konesans enpòtan gras ak ekspè ki soti nan Institut du patrimoine wallon nan peyi Bèljik; yo pa t sèlman aprann teknik, men tou yo te konprann sans ak respè yo dwe genyen pou patrimwàn achitektiral a ak patrimwàn nan an jeneral.
Anplis fòmasyon teknisyen yo, te gen deba ak chita pale ki te fèt ak achitèk ak enjenyè ayisyen, ansanm ak kèk echanj ak atelye travay ant etidyan ayisyen ak etidyan entènasyonal yo. Pwogram sa a te resevwa sipò teknik ak finansman Open Society Foundations, Institut du Patrimoine Wallon, Wallonie-Bruxelles International (WBI) ak Fondasyon Kellogg.