Agenda nouvel Fokal

Lun Mar Mer Jeu Ven Sam Dim
1
2
3
4
5

Notre page Facebook

Nos derniers tweets

Diskou predizant FOKAL la, Michèle D. Pierre-Louis, nan lokazyon 25 lane SAKS

Michèle PIerre LouisSAKS 25 lane: yon referans nan kominikasyon sosyal ak popilè ann Ayiti

Kontribisyon radyo kominotè nan emèjans nouvo aktè sosyal ak valorizasyon lang ak kilti kreyòl

Vandredi 27 oktòb 2017

M vle kòmanse pa remèsye Direksyon SAKS la, espesyalman Direktè l, Ari Regis, deske li envite m patisipe nan komemorasyon 25 lane depi SAKS egziste sou teren kominikasyon sosyal ak popilè nan peyi an.

Selebre 25 lane nan peyi nou se pa jwèt. Nou tout ki la nou asiste kreyasyon anpil òganizasyon ki kòmanse travay ak yon bon elan epi ki pa dire. Fò nou salye enstitisyon ki tankou SAKS, ak lòt enstitisyon ki prezan isit la, GARR, JILAP, ITECA, ki reyisi kenbe malgre difikilte yo konfwonte nan sosyete nou an k ap sibi anpil boulvès ak divès kalite enfliyans.

M vle salye tou memwa Sony Esteus. Sony se te yon bon kanmarad, yon zanmi, li ale kite nou twò bonè. Nou tout konnen wòl Sony te jwe nan kreyasyon ak animasyon SAKS, angajman li, devouman li, militans li nan domèn lan. Nou fèt pou kenbe memwa Sony ak anpil respè.

SAKS mande m fè yon entèvansyon sou kontribisyon radyo kominotè yo nan emèjans nouvo aktè sosyal ak valorizasyon lang ak kilti kreyòl.

Prezantasyon lan ak gen 3 pati:

  1. Esperyans pèsonèl mwen nan sa nou ta ka rele “emèjans nouvo aktè sosyal” la anvan devlopman radyo kominotè yo.
  2. Esperyans mwen ak radyo kominitè yo, gany ak rekil
  3. Nouvo defi ki poze jounen jodi an

M ap  kòmanse ak yon ti rapèl tou kout sou esperyans mwen te viv pèsonèlman anvan menm kesyon radyo kominotè yo te vin pran plas yo epi jwe wòl yo nan divès kote nan peyi an. E sa gen arevwa ak esperyans pa m ki te pèmèt mwen fè 3 konsta ki vin konstitye baz pou radyo kominotè yo.

An 1986, lè Jean Dominique ak tout ekip radyo Ayiti Entè a tounen nan peyi an, depi nan ayewopò, gen yon sèl pawòl ki leve: fòk Radyo Ayiti relouvri. Foul moun ki t al akeyi Jean an t ap rele: Yon mouvman solidarite pou radyo an. Se konsa yo vin mande jwe wòl kòdinatris nan mouvman solidarite sa. Se yon esperyans mwen pap janm bliye. Men 3 konsta m te fè ki ale pi lwen pase senpman relouvri radyo Ayiti :

  1. Enfòmasyon ak nouvèl ki te konn bay nan radyo an nan epòk diktati an te rive kreye yon konsyans revandikatif nan mitan katye popilè yo, vil pwovens yo ak peyizanri an. Fò n sonje lè sa, radyo yo te itilize bann AM sa vle di yo te rive kouvri tout peyi an.  Kidonk, nou te deja konstate emèjans yon “nouvo aktè sosyal”.
  1. Wòl radyo nan peyi an. Depi ane 70 yo nou nan “revolisyon tranzistò” an. Anpil nan boat people yo ki te rive janbe san reken pa devore yo, anpil manm nan dyaspora a te voye radyo ak radyo kasèt bay fanmi ki te rete nan peyi an. Kote w te pase ou te ka tande yon radyo k ap bay nouvèl.
  1. Wòl lang kreyòl la vin jwe nan bay enfòmasyon ak lòt kalite pwogram nan radyo an, ak nan revandikasyon pou dwa yo, ki vin paret ak mouvman popilè ki konstitye nan moman sa.

Twa konsta sa yo, m fè yo pandan 6 mwa kanpay solidarite an te fèt soti mwa davril rive mwa septanm 1986. Nan menm moman sa, m te fòmatris nasyonal nan gwo kanpay alfabetizasyon Legliz katolik la, Misyon Alfa. Radyo Ayiti relouvri an oktòb 86. Kanpay solidarite pou radyo an te mennen m tout kote nan peyi an. Se lè sa m ap dekouvri, m ap fè twa konsta m sot pale sou yo an.

Nan moman kanpay la, nou te reyisi ranmase swasantmil dola ameriken. Lè sa se te anpil anpil  lajan. Men swasantmil dola ameriken sa, se sitou moun ki pi pòv nan sosyete a ki te bay li, nan yon goud, de goud, twa goud, senkant kòb. Gen moun kite vin jwenn nou ki te di nou: m gen 5 goud, m vle bay radyo Ayiti 2 goud, tanpri remèt mwen 3 goud pou ti moun yo pa dòmi san soupe aswè a.

Gen moun, sitou peyizan, ki pa t ka bay lajan, yo pote kabrit, kochon, kodenn, rejim bannann, tout kalite pwodui pou te ka bay patisipatyon pa yo. Paske pawòl la nan moman sa se te: nou pap janm bliye sa radyo Ayiti entè fè pou nou. Moun yo di jan enfòmasyon ak nouvèl nan radyo an te rive louvri lespri yo, pèmèt yo pran konsyans sou sitiyasyon yo tep viv la. Menm lè te gen baboukèt anba diktati an, radyo an te fè yon fason pou l te pale andaki, moun yo te konnprann kan menm.

Gen anpil lòt enstitisyon ki tep travay tou lè sa, tankou ITECA, Radyo Solèy, TKL (ti kominote legliz) yo, gwoup jèn yo. M sonje lè yo fè premye kongrè jèn yo nan Jeremi, se te yon gwo moman mobilizasyon kont enjistis ak lamizè. Anpil pawòl revandikasyon te pale, aloske te gen anpil menas sou yo. Men an menm tan, diktati an li menm te menase tou.

Donk, se pa radyo kominotè yo ki kreye nouvo aktè sosyal sa yo. Radyo kominotè yo vin ba l jarèt, yo konsolide l nan premye moman kote yo parèt la apre 1986. Radyo kominotè yo vin konstwi sou yon teren ki te deja pare. Lit ak revandikasyon ki vin pran fòs nan moman sa pou dwa yo, dwa lapawòl (baboukèt la tonbe!), dwa asosyasyon, dwa sikilasyon ak ansanm revandikasyon sosyal, politik ak kiltirèl yo vin esprime yo tou nan mouvman radyo kominotè yo.

Dezyèm sa m kapab di kòm esperyans mwen. Depi FOKAL kreye sa fè 22 lane, nou te angaje nan ede òganizasyon ki te louvri radyo kominotè pou bay nouvèl lakay, konstwi pwogram edikatif epi fè pase revandikasyon yo. Nou bay SAKS koutmen pou pwòp estrateji pa l sitou nan fòmasyon ak ranfosman òganizasyonèl, preparasyon pwogram edikatif ak sivik, men nou ede kèk radyo kòminotè yo tou dirèkteman.

Apre 22 lane, eske bilan an pozitif? Nou ka poze tèt nou kesyon. Genyen ki reyisi kenbe malgre difikilte yo, genyen k ap mache kousi kousa, genyen ki disparèt.

An 2012, SAKS pibliye yon liv ki enteresan anpil. M konseye tout moun ki la li liv sa. Jan li poze pwoblematik radyo kominotè ak kominikasyon sosyal ak popilè an fè nou aprann anpil sou reyalite sa. Liv la rele: L’expérience des radios communautaires en Haïti, sous la direction de Sony Estéus. (Esperyans radyo kòminotè yo an Aytiti, anba direksyon Sony Estéus)

Nan liv sa, SAKS te bay rezilta evalyasyon li te reyalize sou radyo kominotè yo pandan plizyè lane. Youn nan pi gwo pwoblèm lan, se kesyon jesyon an. E nan pwoblèm jesyon an li regwoupe 4 eleman fondamental:

  • Nan ki pèspektiv politik ak kiltirèl radyo an kreye: ki vle di, òganizasyon osinon gwoup moun ki kreye radyo kominotè sa, ki misyon li bay tèt li, ki objektif, ki prensip l ap defann ki pou reflete nan emisyon li pral fè yo
  • Dezyèmman, nan nivo kominikasyon, ki pwogram radyo an vle kreye, pou ki piblik, kouman l ap konstwi kontni pwogram yo pou yo kapab pedagojik pou piblik li sible an
  • Twazyèmman, sou plan ekonomik, ki jan radyo an ap reyisi kenbe pou fonksyonnman l, pou antretyen, pou peye s al gen pou l peye, pou l chache finansman ki kenbe otonomi l.
  • E finalman, kouman jesyon òganizasyonèl radyo an fèt. Ki jan responsabilite yo etabli, ki patisipasyon kominotè an jeneral,ki patisipasyon fanm yo e kouman yo entegre nan jesyon radyo an, ki konpetans teknik ki genyen, ki pwogram fòmasyon, si gen benevòl kouman yo òganize, ki refleksyon ki genyen sou relèv la.

Tout 4 eleman sa yo gen tout enpòtans yo. Men sa ki petèt pi enpòtan toujou se nan ki kontèks politik, sosyal ak kiltirèl radyo yo ap fonksyonnen. Nan ki anviwonnamn global kominikasyon sosyal sa ap fèt.

M pa bezwen antre nan analiz konjonkti, nou fè sa tout tan. Sèlman m ap fè 3 remak:

  • Nan 25 lane ki sòt pase depi SAKS kreye an, nou kapab di jounen jodi an, gen yon afèsman nan òganizasyon kòminotè ak popilè yo. M pap pale de bri k ap fèt nan lari an. M pap pale de eslogan adwatagoch oubyen degrenngoch kap fèt yo. M ap pale defisit ki genyen  jounen jodi an nan estriktirasyon politik ak estratejik yo, kondisyon relèv la, zouti analiz nan kontèks nasyonal ak entènasyonal la. Sa pa vle di pa gen rezistans toujou nan sèten sektè, nan kèk òganizasyon, nan kèk rejyon. Erezman. Men li klè gen yon nesesite analize fòs an prezans yo ak rapò yo, paske peyi an chanje, moun yo chanje.
  • Dezyèm remak m ap fè konsènen ofansiv sèk evanjelis yo nan peyi an. M pap louvri okenn deba sou relijyon la. Moun gen dwa pratike relijyon yo vle depi se nan tolerans. Dayè se sa relijyon yo preche, respè ak solidarite. M ap pale sou sa k ap preche vyolans yo, sa ki gen yon diskou laèn yo. Sa ki konekte ak lòt peyi ki gen ajanda pa yo. Nou konnen wòl destriktirasyon yo genyen nan peyi an ak nan rejyon an. Se pa an Ayiti sèlman. Gen yon epòk nou te konn reziste lè n te konn di nou pa vle relijyon te kowosol k ap endomi lespri nou ak kouraj nou. Jounen jodi an, fò nou pa minimize wòl fondamantalis yo nan peyi an. Yo toupatou, nan espas politik yo, nan inivèsite yo, nan òganizasyon yo e latriye. Yo atake fonnman kiltirèl peyi an, yo kont vodou, yo kont fanm. Se pa yon jwèt paske y ap vale teren.
  • Twazyèmman, se vre lang kreyòl la pran yon developman konsiderab depi 30 lane e li sèten radyo kominotè yo jwe yon gwo wòl tou nan mete lang lan wòd pòt. Men gen anpil travay ki dwe fèt toujou espesyalman nan nivo ekriti. Se pou nou panche sou aspè sa tou paske se yon eleman kiltirèl ki gen gwo enpòtans.

Pou konkli, menm si FOKAL kontinye bay SAKS ak kèk radyo kominotè koutmen, gen nesesite pou analize tèt frèt eleman nou sot pale yo.

Paske yo fè pati defi ki devan nou yo tou. Gen anpil lòt defi e m rete sèten 25 lane SAKS la ap yon moman espesyal pou diskite mezi longè defi sa yo. Monn lan ap chanje. Zouti kominikasyon yo ap chanje tou. Vitès enfòmasyon yo sikile, tout kalite enfòmasyon ak dezenfòmasyon, deplizanpli rapid.

Sa yo rele nouvo rezo sosyo yo ap pran plis plas chak jou. Kesyon pou nou poze nan kontèks sa, se ki jan radyo kominotè yo ap adapte yo pou yo kontinye jwe wòl yo san yo pa pèdi mak fabrik yo.

M swete SAKS Bòn Fèt. M swete li kontinye travay li nan ane k ap vini yo ak plis kouraj, plis detèminasyon. Bòn Jounèn entènasyonal lang kreyòl la tou.

Mèsi.

Michèle D. Pierre-Louis

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

3 logos

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à Nouvèl Fokal

captcha 

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com