| Pwojè dechè nan Matisan: anpil rezilta. |
| focus | |||
|
Chak jou, pi plis moun ki nan zòn amenajman konsète a sispann jete fatra nenpòt kote san kontwòl, yo kite yo byen kondisyonnen lakay yo nan sak, pou mete yo deyò lè kamyon leta ap pase nan zòn yo, nan yon orè byen detèmine. Sa ki fè fòs pwojè sa a, se jan li enplike moun ki nan kominote a. Dayè, se nan twoke lide ak moun Matisan pou yo rekonèt ke pak la se zafè yo, pwojè sa a pran nesans. Se yo menm menm ki reklame yon pi bèl lantouray pou pak la. Se konsa pwojè a lanse nan mwa jiyè 2010. An premye, moun ki gen konpetans pou sa te table yon plan kote yo vizite tout zòn nan pou chaje sit depo sovaj yo, sa vle di kote yo jete fatra san kontwòl. Aprè travay sa yo ke yo pat fè poukont yo, men avèk òganizasyon nan kominote a, yo tanmen yo gwo kanpay sansibilizasyon ak netwayaj.
Sètènman n ap mande kisa yo fè ak fatra yo apre. Se vre pwojè sa a pa t ap gen sans si sa te rete la. Yo trase plizyè wout pou fatra fè lè li sot ka moun yo. Premye wout la, fatra ki bon pou sa al fè fimye. Lòt wout yo ka fè, yo ka al fè atizana. Sa yo rele valorizasyon dechè a. Yo ka boule yo selon yon metòd lasyans jwenn ki pa reprezante danje pou popilasyon an. Men metòd sa a nan faz eksperyans toujou.
Kèk chèf nwayo nou te rankontre, pat kache jan yo kontan pwojè sa. Se avèk anpil satisfaksyon, madam Isidore Josiane te pale nou de rezilta travay li. « Avan, lè yo te gen fatra, yo te pwofite mete yo deyò lè gen lapli. Lè sa a te gen gwo pwoblèm. Fatra yo vin rive nan ravin. » Pou Robert Derival, « sa m renmen nan pwojè sa a, sè ke yo kwè nan nou ». Pwojè a chanje konsepsyon moun yo de fatra. « Yo pat gen abitid kenbe fatra, Robert Derival kontinye eksplike, sitou pa rapò ak maladi, kolera, moun yo pat vle kenbe fatra. Moun yo te konn depoze l nenpot lè nan lari a. Kounya m wè moun yo antre nan lojik la. » Jodi a, rezilta yo anpil, yo ankourajan. Men rete tou anpil travay toujou pou rache tout move konpòtman ka yon popilasyon k ap mal jere fatra de bon bout tan.
|