| 4 manm Fokal pral patisipe nan estaj "Courants du Monde" |
| breves | |||
|
Yon ekip 4 moun ki gen ladan l twa anplwaye Fokal ak yon reskonsab youn nan bibliyotèk ki nan rezo bibliyotèk Fokal la pral patisipe nan yon staj ki ap fèt nan peyi Lafrans. Staj sa a k ap dewoule sou 2 semèn, divize an plizyè kategori : “Resous odyovizyèl nan bibliyotèk yo”, “politik lakilti ak administrasyon l”, “Teyori ak pratik achiv”, “Finansman ak ekonomi lakilti”.
Li ap gen pou l dewoule nan divès gwo enstitisyon peyi Lafrans tankou “Bibliothèque Nationale de France” (BNF) ak nan “Bibliothèque Publique d'Information” (BPI) ak lòt ankò. Staj sa a regwoupe anviwon 119 moun pou 110 peyi. 3 moun nan ekip la ap pran pa nan staj pou jesyon materyèl odyovizyèl yo, epi yon lòt ap patisipe nan staj finansman ak ekonomi lakilti a. Se yon okazyon pou pataje bon jan eksperyans lòt pwofesyonèl ki espesyalize nan jere ak konsève materyèl odyovizyèl nan bibliyotèk yo ak nan koze lakilti. Staj pour jere materyèl odyovizyèl yo ap gen 10 patisipan k ap soti nan 10 peyi, kote chak moun pral gen pou prezante sitiyasyon bibliyotèk li, misyon li ak pwoblèm yo rankontre nan zafè jesyon materyèl odyovizyèl yo. Epi yo pral gen pou aprann kataloge dokiman odyovizyèl yo ansanm ak divès teknik konsèvasyon. Yo pral genyen tou pou travay sou bon mwayen pou rann dokiman sa yo disponib pou tout moun, kòman pou yo valorize ak ekspoze yo epi teknik pou animasyon atelye mizik, pwojeksyon fim, elatriye. Apre tan sa a, nou panse kontinye travay pou reyalize divès pwojè ki pral rann seksyon odyovizyèl yo pi solid ak pi vizib nan bibliyotèk yo pou byennèt tout kominote yo. Erick Toussaint Pwogram Bibliyotèk Fokal
|