Français | English
Share to Facebook Share to Twitter Share to MySpace Share to Google Buzz 
  • Accueil
  • Fokal
  • Centre culturel
  • BMC
  • Axes prioritaires et subventions
    • Reconstruction / Environnement
    • Jeunes, Arts et Éducation
    • Accès à l'information
    • Autres subventions
    • Demande de subvention
  • Nouvèl Fokal
  • Atrium virtuel
  • Rendez-vous
  • Festival 4 chemins
  • Nous contacter

  • Mai, 2013
  • Avril, 2013
  • Mars, 2013
  • Février, 2013
  • Janvier, 2013
  • Décembre, 2012
  • Novembre, 2012
  • Octobre, 2012
  • Septembre, 2012
  • Août, 2012
Verite sou tanbou
breves

Samdi 9 jiyè a 4 è nan apremidi, twazyèm fim nou pral pwojte nan kad seri fim ak deba sou jounalism envestigasyon ke nou rele Verite sou tanbou se Le pull-over rouge (1976). Se yon fim fiksyon franse ki enspire de yon liv ki gen menm non an, kote otè a te fè yon ankèt sou arestasyon, pwosè ak egzekisyon Christian Ranucci pou yon krim li pa te fè. Deba pral fèt ak yon moun ki travay sou kesyon krim an Ayiti.  Deba sa a pral ankouraje jounalis yo voye je sou angajman politik ak kriminalite.

Sant entenasyonal pou jounalis  (ICFJ*), Ayiti Kale Je (*) ak FOKAL ap envite tout jounalis ak lòt moun ki enterese sou kesyon enfòmasyon ak envestigasyon vín patisipe nan pwojeksyon  sa ke yap òganise nan FOKAL.

« Verite sou tanbou » se tit yon seri fim fiksyon ak dokimantè sou kesyon ankèt ak jounalism envestigasyon. Inisyativ  sa a se yon pwopozisyon ICFJ  te fè. Kathie Klarreich ap travay an Ayiti pou ICFJ, pou fè fòmasyon pou jounalis ayisyen sou kesyon envestigasyon plizyè kote, sitou nan kad medya ki manm ANMH (Asosiasyon nasyonal media ayisyen) ak jounalis nan provens ansanm ak Asosyasyon jounalis ayisyen (AJH). Ayiti kale je bò pal se yon patenarya Alterpresse, SAKS, REFRAKA ak radyo kominotè kap travay ansanm e ki ap fòme tèt yo pou fouye zo nan kalalou sou kesyon rekonstriksyon Ayiti a. FOKAL li menm nan kad pwogram medya ke li genyen an,  louvri espas li pou pwojeksyon yo epi patisipe nan òganizasyon rankont sa yo.

Prochenn pwojeksyon an pral fèt 23 jiyè ak yon fim ki rele “Inside Job”, ki pale de kris finansyè ak envestigasyon sou kesyon ekonomik. 

(*) Ayiti Kale Je se yon patenarya Alterpresse, SAKS, REFRAKA ak radyo kominotè.
(*) International Center for Journalists  gen plizyè patnè isit, pami yo ANMH ak AJH.

< Précédent   Suivant >
 
Copyright © FOKAL 2011. Tous droits réservés.
webdesign: Jean Eder Hilaire
 
143, Avenue Christophe | B.P. 2720, Port-au-Prince, Haïti, W.I. | Phone : (509) 2813-1694, (509) 2510-9814, (509) 2511-3902